VOSA Media — Voir, Savoir, AgirVoir·Savoir·Agir

Mèkredi 26 out 2026

Edikasyon

Paran elèv EFACAP Ench pran lari pandan lekòl la toujou san espas pou rantre 7 septanm

Gwosè tèks la
Paran elèv EFACAP Ench yo ap manifeste pou dwa timoun yo jwenn aksè ak edikasyon
Paran elèv EFACAP Ench yo pran lari pou mande yon espas pou timoun yo kapab retounen lekòl.

Ench, 20 dawout 2026 — Komite paran elèv EFACAP Ench yo pran lari pou pwoteste kont kondisyon timoun yo ap sibi, pandan etablisman an toujou pa gen yon espas disponib pou akeyi elèv yo pou pwochen rantre lekòl la.

Depi plis pase yon lane, espas lekòl la okipe pa moun ki deplase soti Mibalè ak Sodo akoz kriz ensekirite a. Malgre yo deja konstwi yon abri pwovizwa nan Papay pou resevwa moun deplase yo, kèk ladan yo fè konnen yo pa gen entansyon kite lokal EFACAP la.

Sitiyasyon an vin pi ijan pandan rantre lekòl la pwograme pou 7 septanm 2026, alòske responsab EFACAP yo poko jwenn yon lòt espas pou resevwa timoun yo.

Pwoblèm nan poze tou kesyon sou evolisyon demach lapè nan Mibalè. Pandan enfòmasyon ap sikile sou posibilite pou sitiyasyon sekirite a amelyore epi pou moun ki te oblije kite Mibalè kapab retounen lakay yo, prezans fanmi deplase yo nan EFACAP Ench montre konsekans kriz la toujou ap peze sou lòt kominote, sitou sou dwa timoun yo pou jwenn aksè ak edikasyon.

Yon amelyorasyon dirab nan sekirite Mibalè ak Sodo ta kapab favorize retou volontè fanmi ki deplase yo nan kondisyon ki an sekirite. Sa ta pèmèt EFACAP Ench reprann fonksyon nòmal li. Men, jiskaske kondisyon sa yo reyini, kesyon an rete: ki kote elèv EFACAP Ench yo pral pran klas 7 septanm nan?

Joseph Samuel Guillaume

Siyale yon erè

Gen yon bagay ki pa kòrèk nan atik sa a ? Di nou sa l ye — redaksyon an korije erè li yo.

Li tou