Kenskòf, 24 dawout 2026 — Sitiyasyon sekirite a kontinye ap degrade nan komin Kenskòf, kote nouvo zak vyolans ame ap plonje plizyè fanmi nan dèy ak dezespwa. Pami dènye viktim yo, genyen yon manman kat pitit ki te deja oblije kite Kafou-Fèy akoz ensekirite e ki rapòte li pèdi tout kat pitit li yo, pami yo de tifi.
Nan mitan gwo lapenn li, manman an deklare: « M fini nan lavi a. » Temwayaj sa a montre dimansyon dram imanitè popilasyon sivil la ap viv nan Kenskòf, kote fanmi yo kontinye ap sibi konsekans dirèk atak gwoup ame yo.
Dènye zak vyolans sa yo rive nan yon kontèks kote yon pati nan gwoup ame yo ap pale de lapè ak posiblite pou mete fen nan vyolans, pandan sou teren an, lòt gwoup ame kontinye mennen atak kont popilasyon an. Selon enfòmasyon k ap sikile sou sitiyasyon an, zak piyaj, vyòl, kidnaping, asasina ak kay boule kontinye rapòte nan kèk zòn.
Kontras sa a soulve kesyon sou sans ak kredibilite diskou lapè k ap fèt yo. Pandan kèk aktè ame ap voye mesaj ki fè kwè gen volonte pou diminye vyolans, plizyè kominote kontinye ap viv anba menas zam, san garanti yo kapab rete lakay yo oswa sikile an sekirite.
Kenskòf deja peye yon gwo pri nan kriz la. An jiyè pase a, Nasyonzini te rapòte 61 moun mouri apre yon atak gang nan komin nan. Depi lè sa a, popilasyon an kontinye fè fas ak moun ki blese, moun ki pran an otaj, timoun ki pèdi paran yo, fanmi ki deplase ak kay ki boule.
Sitiyasyon an mete yon lòt fwa ankò kapasite fòs sekirite yo anba kesyon. Polis Nasyonal d Ayiti, Fòs Lame d Ayiti, Fòs Represyon Gang yo, ansanm ak lòt dispozitif sekirite ki mobilize nan peyi a, ap fè fas ak presyon pou pwoteje popilasyon an epi anpeche gwoup ame yo kontinye elaji zòn kote y ap opere.
Pandan diskou sou lapè ap pran plas nan deba piblik la, reyalite Kenskòf montre lapè pa kapab mezire sèlman ak deklarasyon gwoup ame yo, men sitou ak sa k ap pase sou teren an: rediksyon atak yo, pwoteksyon sivil yo, retou moun deplase yo lakay yo ak kapasite Leta pou reprann kontwòl teritwa a.
Pou anpil fanmi Kenskòf, kesyon ki enpòtan an se konnen kilè vyolans lan ap sispann epi kilè yo pral kapab viv lakay yo san yo pa pè pou lavi yo.
Joseph Samuel GUILLAUME




